5 etap fasil pou cheve yo grandi an sante

Nan atik sa wap jwenn 5 konsèy pou ogmante kwasans ak bal cheve fòs.

1. Pwodwi chimik
Limite itilizasyon pwodwi chimik agresif nan cheve,wap wè yon amelyorasyon nan yo,sa nap mete nan cheve yo ka rann l li pa pouse menm jan,li enpòtan pouw koupe pwent yo chak 6,8 semèn,chache pwodwi natirèl pou nou sèvi,gen chanpou dou ki pa fè efè negatif sou cheve,li jis pwotejel.

 

2. Idratasyon
Li bon pouw kenbe cheve a ak po tèt la idrate,cheve afro gen tandans sèk,ou ka fè sa plizyè jan depi nan chanpou ki gen pwoteyin idratan,rens ki gen tretman,lwil cho,losyon pou cheve,Tretman vapè pou amelyore kondisyon yo.

 

 

3. Manje an sante
Ou dwe itilize eleman nitritif kò a bezwen paske li asimile manje ki an sante,byen manje tankou:fèy,fwi sèk,pwason ble ki rich nan omega 3 ak pwoteyin nou jwenn nan vyann wouj,sa yo ede anpil pou yon cheve long,pa bliye bwè anpil dlo ki pral netwaye sistèm ou,dezentoksike kò a.

 

4. Vitamin
Manje sak bon asire cheve a ap pouse ansante epi pi vit.Chwazi vitamin A ki bon pou sante kap kenbe po tèt la byen klere.Vitamin C se antioksidan ki ede kenbe yon bon sikilasyon,netwaye toksin yo ak amelyore sistèm iminitè a,ranfòse cheve a.Kwiv la bay koulè epi aktive folikil ki pa aktif yo.Vitamin B nesesè pou kreye bon selil nan chak pati nan kò a.Zen ede nan pwodiksyon selil ak kwasans tisi,repare ak kenbe lwil glann yo ap segrete nan po tèt la.Finalman vitamin E ogmante oksijèn amelyore sikilasyon nan po tèt la.

 

 

5. Domi
Dòmi tèlman enpòtan pou kwasans cheve,li pèmèt selil nan kò a repare ak geri pwòp tèt yo,se sak fè dòmi kantite lè yon moun dòmi enpòtan anpil estrè konn anpeche moun dòmi,sak pral fèl pi fasil pou yon moun pèdi cheve,yo rekòmande pou yon moun dòmi 8 èdtan chak jou,yon lòt bagay ankò se bay po tèt la masaj pou ka aktive folikil yo.Elimine tabak ak kafeyin nan rejim alimantè epi evite ba yo twòp chalè.