kèk konsèy pou dekore tab fèt

Anvanw fè nenpòt bagay men sa pouw konnen

 

Konbyen moun kap la:Paske yon tap fèt 6 moun ap diferean ak yon tab pou 15 moun
Timoun:Li bon pouw ta mete yo sou yon tab pou kont yo
Bidjè:Yon bèl dekorasyon tab mande tan ansanm ak lajan,siw deside fè dekorasyon pou kòw lap kote pi piti kòb ke si se moun ou bay fèl pou ou.
Koulè:Fòl primordyal paske se li ki pral leve sware a,gen anpil koulè ou ka melanje pou fè fèt la bèl,nan fèt fen ane yo koulè yo plis itilize se blan,wouj,vèt,oubyen lò ki toujou la.

 

christmas-dining-table

 

3 règ pouw respekte dekorasyon tab la
1.Yon sèl mo”amoni”:Si se pou Nwèl chwazi 2 koulè ou vle mete anvan yo.Blan ak rouj,lò ak ajan,wouj ak lò,vèt ak wouj,blan ak ajan,blan ak lò.

 

2.Chwazi koulè ki rale atansyon:Espesyalman pou tab la yon nap blan ak yon lòt nap ki gen koulè diferan konsa li ka transparan
3.Chwazi yon stil senp men bèl:Asyèt blan oswa bèj yo ale ak nenpòt koulè men sa depan saw pral chwazi a tou.

 

 

Men kèk pyèj pou w evite
Pa plen tab la ansan ak biblo oubyen po flè,yon tab fèt senp ap toujou pi bèl ke youn ki gen twòp bagay sou li
Pa melanje stil yo:Siw vle gade yon amoni sou tab la fòw pa melanje stil yo,li tap pi bon siw rete ak yon sèl stil
Pa chwazi twòp koulè:twòp koulè pa tèlman fè bèl siw gentan chwazi yon koulè barok li tap mye siw melanjel ak nwa,blan oubyen wouj.

 

konsèy pou yon dekorasyon chik

 

Panse ak dekorasyon tab la anvan lè a.Pa tann se denye jou a pouw ap fè tèt cho ou pap janm jwenn tout saw te bezwen yo.
Prepare tab fèt la Lavèy jou a.Pase nap yo,ranje tab yo,bliye sèvyèt yo paske jou a ou pap gentan pouw fè tout sa
Sant tab la ka gen,balèn,pòm,gwo lanp,flè,nenpòt janw ta renmenl lan.