Itilize dlo womaren pou benefis li yo nan cheve

Vitamin womaren genyen yo se:Vitamin B6,vitamin B2,vitamin A,vitamin C,fè,mayezyòm,fosfò,zenk,kalsyòm ak lòt antioksidan.

 

Se konsa,siw gen diferan pwoblèm ak chevew ou pa jwenn solisyon,ebyen jodia nou pral diw sa pouw fè,epi chevew ap vin fò,briye,ak anpil eleman natirèl.

 

Cheve a kase pou anpil rezon tankou:

 

Estrès
Apre akouchman
Efè segondè ak medikaman
Tretman dlo womaren pou cheve
Engredyan:
2 gwo kiyè womaren sèk
300 mililit dlo

 

 

Preparasyon

 

Lave fèy womaren an ak anpil dlo,retire sak pa bon yo,mete dlo a nan yon chodye sou dife a jiskaskel bouyi,depil fin bouyi mete fèy la ladan epi desan li,nan yon bòl koule dlo a,pa bliye siw bezwen rezilta se pa kite fèy la boule.

 

Aplikasyon

 

Lèw fin lave chevew,mete dlo a nan yon pou pouw ka flitel nan tèt la,yon lòt avantaj wap jwenn ankò seke ou pa bezwen rense cheve a apre sa,wap fè pwosesis sa chak tan wap lave chevew epi wap remake diferans lan nan kèk semèn