7 rezon pou pa marye

Marye se pi gwo rezon,moun pran nan vi yo,se poutèt sa li enpòtan poun fè anpil atansyon.Nou pral diw kèk danje ki genyen nan sa,si wap travèse youn nan moman sa nan relasyon w li tap pi bon pouw ranvwaye maryaj la jiskaske pwoblèm nan rezoud,yo pa dwe wè maryaj la tankou yon enstriman ki ka rezoud pwoblèm.

 

1.Marye pouw ka kite kay paran w
Sa se chanje yon pwoblèm pou yon lòt,gen lòt rezon ki pi zenp pou w sòti nan yon pwoblèm tankou vwayaje,al viv ak yon zanmi pou yon titan,fèmen nan chanm ou elatriye.

 

2.Pa gen pi bon moun kap parèt
Panse sa yo montre kew pa asire w de ou ki pral marye a,lè yon moun pa kwe nan tèt li se yon esansyel engredyan pou yon maryaj ak tristès,si sa se pi gwo motivasyon pou ini ak yon moun,konnen se yon chemen kap mennenw nan plis tristès toujou,san soulajman.

 

3.Se lè maryaj la ki rive
Si bon moun nan pa egziste ebyen pa gen lè tou pou maryaj la,kouri marye san reflechi se kraze jwa w

 

 

4.Lè w menase,fòse oswa entimide pa patnè a eak fè bagay ou pa vle
Ou pa dwe resinye pou yo trete w konsa,se rezon sa yon koup dwe viv.Maryaj base nan respe,li pa base nan pe ak fose pa pyeje nan pwomes patne a di lap kitew la,si bagay sa yo paret depi nan renmen sa vle di nan maryaj sa ap pi mal.

 

 

5.Si mennaj ou adikte ak alkol,dwòg
Fè anpil atansyon si moun nan ap itilize alkol dwòg pou jere fistrasyon,yon moun ki adikte konsa pa lib,relasyon an ka fini pa alkòl,dwòg san l pa janm panse ak ou.

 

6.Ou menm ak patnè w gen pwoblèm poun pale sou bagay serye,pafwa nou pa janm fè plan pou sa pa nwi nou
Kouri pou yon konvèzasyon enpòtan se viv nan ilizyon,nenpòt moman yon pawòl enpòtan ka pase tankou:eske mvle gen yon pitit oybyen non,jan pou m planifye kòb nan kay la,divisyon pou fè travay,edikasyon relijye timoun yoLi bon anpil pou moun pale sou sa anvan maryaj.

7.Maryaj la sanble ap pwochen etap la
Sa plis pase ak koup kitap viv ansanm nan kay san marye,yo marye se pa paske yo reflechi sou sa,konstitisyon fanmi an,si tou de deside vre kòm yap viv menm kote yo twouve fòk yo fè yon bagay legal,siw se yon moun konsa ,reflechi byen anvan nenpòt dezisyon an,panse ak siw vin gen yon timoun kijan sa ap ye,eskew prepare vre pou responsabilite sa yo?