Bwason espesyal pou vant pla ki fèt ak jenjanm

Gen lot jan natirèl ou ka fè sa tou wap jwenn rezilta nan yon ti tan,kise bwè kèk te natirèl ki boulè grès.Jodia nou pral pataje ak ou kèk nan yo,nou kwè ou toujou tande pale de yo men ou gen dwa pa janm eseye fè yo,nou pa kache diw sa ou pap regrèt siw kòmanse fè yo jodia.

 

Jenjanm+kanèl:Yon ti mozo jenjanm,1 kiyè poud kanèl,1/2 vè ji sitwon,1/2 kiyè myèl fè yon te ak tout engredyan yo,kitel repose 5 minit,bwèl pandan tout jounen an ak nan nwit anvanw manje nenpòt manje a

tea-ginger-cinnamon-lemon

 

Dlo jenjanm:1 bout jenjanm,konkonb,fèy mant,1 lit dlo mete tout bagay sa yo nan yon boutèy apre metel nan frijidè kitel repose 1 èdtan bwèl pandan tout jounen an.

ginger-1714106_960_720

 

Jenjan+pwav:Fè yon te jenjanm ak myèl menm janw konn abitye fèl apre sa mete yon ti pwav ladan epi bwèl,te sa pral akselere metabolis ou sa ap edew boule grès pi vit.

 

Jenjanm+fèy mant:Sa se yon bwason moun bwè pou yo ka desann,yon kiyè poud jenjanm,5 fèy mant,yon bout kanèl,1 tas 1/2 dlo,bouyi yo nan dlo a pandan 10 minit apre koulel bwèl anvanw manje nan maten,epi chak aprew fin manje ak anvanw dòmi.

tea-599227_960_720

Yo fasil pou prepare epi gou,bwason sa yo ap edew pèdi pwa epi fè vant ou vin pla