Konsèy pou yon maryaj ka gen matirite

Si wap chache bonè ou pap janm jwenn li,se ou ki pou kreye pwòp bonèw apre wap jwenn ak youn moun ki pou konpletel pou ou.

1.Maryaj se pou renmen:lanmou se yon desizyon,donasyon men li pa yon santiman,mezi lanmou se kapasite sakrifis,renmen san mezi,Ki moun ki pa ka mouri? li paka renmen tou,lanmou rekonpanse pa pwòp li menm,lanmou se chache byen lòt la,lè byen an pi gwo lanmou an pi bon toujou.Timoun yo se byen lanmou nan yon maryaj.

 

2.Lanmou reyèl pa ekpire:li rete fre epi li dire jiska lanmò,viv ansanm pote anpil pwoblèm men lanmou an toujou la maten,midi,swa,jodi,demen.Maryaj se tankou vaz lò nan mize chak tan ki pase,blesi,li vò plis toujou,li sipòte blesi yo,li limen tan,li metel nan yon chanm pou kòl sa vle di li bal plis valè toujou.Lanmou fè bèl bagay

 

3.Tout fidelite maryaj pase nan prèv ki pi di:fidelite a konstan,nan lavi fòw chwazi sak fasil oubyen korèk.sak bon an se poun renmen nan difikilte,se lè sa lap bon an.

 

 

4.Siw vle yo renmenw:renmen anvan ou menm paske lanmou reyèl se pa chache lap chache yon bagay se yon sèl li fè ak lòt la,ou pat marye ak yon kò se jis ak yon moun,ou pa marye pou w fè tèt ou plezi men pouw mete ansanm ak patnèw la poun kontan.

 

5.Lanmou se yon boukan dife:lap etèn sin pa plede mete bwa ladan,se memwa ki nouri lanmou an,toujou panse ak mariw,epi saw viv avèl,fè lanmou inifòm ou,renmen se fè mariw la egziste plis toujou,renmen vle di”gras ou pap janm mouri pou li”.

 

6.Pouw ka pèsevere nan lanmou jiskaskew mouri,viv 3″D” yo:Dye,Dyalòg,Detay

Dye:yon fanmi ki abitye priye ap toujou rete ini
Dyalòg:Pou evite pwoblèm yo grandi,kominikasyon se kle.
Detay:Toujou felisite youn lòt tankou:gad jan chevew bèl,ou se pi bon gason nan mond lan,pitit nou yo fyè de ou,jodia map fè yon ti manje pouw.

Nou espere ti konsèy sa yo itil nou.