Benefis fèy gwayav

Yo jwenn ke fèy gwayav la pi bon toujou ke fwi a,lè yap pale de benefis li genyen yo.Pi devan ou pral wè benefis ki genyen lèw itilize fèy gwayav,pa gen dout nan sa kouw fin li bagay sa yo,ou pral kouri al chachel met lakay ou.

 

Remèd pou chank:Lide a se pouw fè yon te ak fèy gwayav la,lave bouch ou twa fwa nan jounen an avèl,apre byen seche bouch ou.

 

Evite move alèn:lave fèy gwayav la epi mastikel,sa ap ede bouch ou pa gen move sant,li bon pou tèt fè mal tou sitou siw te bwè twòp alkòl nan nwit lan,pouw evite nenpòt malèz bat pouw mastike fèy gwayav anvaw bwè alkòl.

 

li kont enflamasyon:Nan ka ou gen ilsè oubyen blese nan pye,lave yo ak te fèy gwayav se pi bon bagay ou te ka fè

 

notano.7aprovecha-fotono.2te

 

Sikatriz:Kraze fèy gwayav la epi metel sou blesi a,lap evitel enfenkte

Kont dyare:Bwè te gwayav siw gen dyare,ou ka itilizel nan plas seròm

Kont mikwòb:Menm te sa kap koupe dyare a,lap mete fèn ak mikwòb yo tou

Kont bwonch:Yo rekòmande moun ki fè bwonch pou yo bwè yon bon te gwayav

 

Soulaje doulè nan dan ak jansiv,ak maladi ilsè nan bouch
Estetik:Si wap chache pouw mete fen ak tach nwa oubyen akne ou yo,jodia nou vin ak yon solisyon ki pap fayi pou blende fèy gwayav ak dlo,fè yon mask avèl itilizel tankou èksfolyan.

Nou jwenn anpil bagay poun fè ak fèy gwayav la,pa bliye rakonte nou kòman rezilta yo te sòti pou ou.