5 kle pou fè fas ak doulè emosyonèl

Nou dwe devlope yon atitid fleksib pou pwòp santiman nou ka ede n grandi.Emosyon yo afekte nou anpil,si nou pa jere yo,yap pwovoke gwo soufrans.Se poutèt sa nou dwe konnen kle ki pou ede nou avè yo.Eleman sa yo enpòtan anpil epi yap ede n simonte nenpòt difikilte.

1.Bay tèt ou afeksyon li merite

Yo toujou ban edikasyon poun toujou renmen lòt moun,men li difisil pou yo diw aprann renmen tèt ou,epi aseptew janw ye a,yo prefere fèw santiw mal,diw pa itil anyen,ou pa janm anyen nan viw,li lè pouw aprann renmen tèt ou pa gen moun kap vin renmenl pou ou.

2.Ki kote doulè sa sòti?

Yon bagay ki pi difisil se jwenn orijin doule sa,epi gadel nan zye,ki yon bagay kap fèw soufri plis men se konsa pouw ka sòti ladan fòk ou kanpe anfas li.

 

3.aksepte sak pa ka chanje

Pou fè fas ak doulè emosyonèl,li enpòtan pouw analize sak pase a byen pouw poze tèt ou kezyon sa,eskem ka chanje l?menm si gen bagay nou paka chanje tankou si yon revokew nan travay,yon maladi men ou ka fè yon jan pouw soulaje jiskaskew sòti nan chemen sa.

4.Pa lage,pran kontwòl

Li fasil poun bay vag nan lavi,sitou lè se yon trites kap fini ak nou,li enpòtan poun fè yon efò,poun ka wè sa kap pase a,nan move tan yo nou toujou panse ke se nou sèlman ki nan sitiyasyon sa.

 

5.Rekonèt sa w ap santi a

Siw refize aksepte kew santi doulè,wap soufri.Pafwa se pou wont,men li enpòtan pouw admèt saw santi,siw onèt ak tèt ou sa ap pèmèt ou fèl ak lòt moun.