Siy ki montre ke ou pa pare pou viv ak bèt

Menm si tout moun ta renmen gen yon bèt lakay yo,sa pa vle di ke tout moun prepare pou viv ak yon chat oubyen yon chyen anpil lòt bèt domestik tou.

 

Ou pa renmen anyen nwiw ni pouw gen yon orè pou chak bagay,ou pa renmen angajman,ou pa vle pitit,anyen ki pou mare pyew,ou voyaje anpil youn nan pwoblèm ou se pa chita nan kay,pafwa se jis pase chanje rad apre ou retounen sòti ankò menm pou tèt ou pa gentan nou pa bezwen diw pou yon bèt.

 

cha

 

Pa gen anpil kòb,ou pa menm ka manje byen,kòb ou paka fèw tout mwa,pafwa ou pa menm konn saw pral manje,ebyen bèt yo tou ap bezwen manje menm jan avèw,sa se yon bil anplis lap vin ye se pa anyen senp,jan ou bezwen zwen an se konsa yo bezwenl tou epi fòw menmen yo kay veterinè achte medikaman pou yo elatriye.

 

Siw soufri yon maladi mantal,anpil moun toujou bezwen yon bèt lè yo nan moman depresyon oubyen yo santi yo pou kont yo se kòmsi bèt la se yon medikaman li pa rekòmande pou moun kap chanje chak tan gen bèt lakay yo oubyen nenpòt lòt maladi.

 

friends-1149841_960_720

 

Viv nan yon kay yo pa asepte chyen,anvan ou chanje kay mande mèt kay la eskel dakò chyen,pouw pa rive vann oubyen fè kadol paskew pa gen kote pouw metel.

 

Se premye bèt ou pral gade,ou dwe chache tout enfòmasyon necesè pouw genyen anvan nenpòt bagay pouw ka konn kijan pouw fè tout bagay.

 

Panse sa byen,yon chyen se yon gwo reponsabilite,li pa menm jan ak chat,li bezwen anpil atansyon,ou dwe konnen siw byen prepare pou gen yon bèt lakay ou.