Resèt gato pòm

Fè gato ak fri se yon bagay ki senp epi nitritif sitou pou timoun ki pa renmen manje sa yo,se yon jan pouw ba l vitanmin ak pwoteyin.

Engredyan pou 8 mozo gato pòm

2 tas farin
100 gram bè
3 ze
1/2 tas lèt
3 gwo kiyè esans vaniy
3 pòm
1/2 kiyè kanèl
1 tas sik
1/2 kiyè ledven

apple-pie-1694715_960_720

Enstriksyon:

Premye sa nap fè se ouvè fou a 230 degre anvan tout bagay,apre sa kale pom,koupe yo kare mete yo bouyi nan dlo ak yon ti sik pandan 10 minit,pa bliye retire grenn yo,lèl fin kwit krazel byen kitel pou sevi pi devan.

Nan yon bol melanje bè ak sik la jiskaske li tounen yon krèm,apre mete farin nan pa ti gras,poul ka pi fasil melanje ledven an ak farin nan anvanw melanjel ak bè a,lè melanj lan fin byen fèt kounyea melanje ze a,nan yon lot bol mete lèt,kanèl bat yo pandan yon minit apre mete pom nan bwazel byen,apre sa fè yon sèl melanj

Depiw fin bat li byen ou ka mete anban fou pou 45 minit pa kite volim nan wo poul pa boule