Koman pouw jere mariw apre w fin fè yon ti bebe?

Lèw pral papa pou premye fwa gen anpil bagay ou konn pa gen lide de yo,reyalite a seke chaj yon timoun pa piti,lè gen 3 moun yon kote se pa menm bagay la pap gen men afeksyon nan koup la paske se manman ki pral plis fatige.

 

Se poutèt sa lè jou a rive fòn chache planifye kèk bagay pou sa pa afekte relasyonn an twòp,chak moun ap bezwen gen konsyans epi pran chaj yo,pou relasyon an kontinye menm jan.Dwe gen anpil kominikasyon,pale de sa kap fèn pè yo,pwoblèm nou wè ki ka genyen konsa tout bagay ap rezoud aprann abitye ak timoun nan metel nan pwogram nou chak jou.

 

Konsèy sa yo pral eden gere relasyon nou apre timoun nan fin fèt

 

 

1.Rete an kontak youn ak lòt:Pa bliye ti detay nou te konn fè anvan gwosès la

2.Toujou pataje ti tan nou ansanm:Menm si timoun nan piti fe ti espas nou menm poun ta pran yon ti diven a de,profite lè lap dòmi poun pataje ti tan nou ansanm.

3.Patisipasyon:patisipe nan sa kap fèt nan kay la lajounen pou se pa yon sèl moun ki fè tout bagay fatik ka separe relasyon an.

4.Kenbe bèl ti pawòl yo:Se pa sèl vi entim poun pataje fòn toujou sonje di bèl ti pawòl yo komsi sete premye fwa nou rankontre.

 

 

5.karès:Se yon bagay nòmal pou youn santil pa nan plas li kòz timoun nan ki vin fèt la men pa rete ap gade konsa ak distans sa se chita pale poun jwenn yon solisyon.

6.konfyans:Pa doute sou lanmou sa,timoun nan se fwi lanmou an.

Gen yon timoun nan yon koup sa pa vle di ke tout bagay fini se lè sa pouw fè kòw pi bèl toujou,se yon lòt dimansyon lanmou an pran ak yon timoun sa mande anpil pasyans ak lanmou.