Ki fi ki pa renmen Valiz?

Preske tout fi ta renmen genyen tout koulè,gwosè ak kalite valiz.Anplis se pa tout valiz ki atire moun,sak bèl yo tout moun vle genyen yo.
Kijan pou chwazi valiz?

Gen anpil valiz ki twò gwo,twò piti,twò nòmal,bon mache,twòp koulè elatriye.fi renmen gaspiye,achte sal pa menm bezwen,lèl panse poul gen yon bagay nouvo sitou yon valiz li pap dòmi jiskaskel jwenn li.
Si w se yon moun ki wo oubyen pa twò wo,ou ka achte gwo valiz,konsa tou nenpòt gwose a,yap toujou fèw byen,fè atansyon ak sak twò piti yo,pa gen moun kap wèl sou ou.
Si w se yon moun ki kout,yo rekòmande pouw pa janm achte valiz XXL,lè wap mache sèl valiz la yap wè,konsèy sa enpòtan anpil lè wap gen pou chwazi yon valiz.

Bolso2

Kisa w renmen gwo valiz paske yo ka pran anpil bagay?.Nou la poun diw verite pa achtel pou sa,chwazi yon mwayenn epi fè espas pou bagay ou yo.

Koulè yo
Ou paka al achte ak yon valiz klere nan kafou lakay ou a,tout saw wè ki parèt klere se pou yon sòti espesyal,valiz ki pi komen pou moun itilize se sa ki senp yo,yo preske ale ak tout bagay depi pantalon abako rive nan rad valiz sa yo se(mawon.nwa,gri)sonje pouw pote valiz yo depan de ki kote w prale,ou paka pral legliz yon valiz plaj nan menm w.Ou dwe elegant menm si se pa yon valiz mak oubyen chè,ou dwe parèt byen lèw sòti,yon fi kalsik ki konn kijan poul abiye.

Valiz tankou zak
Sa a kite l pou piti ou oubyen lèw pral an pwovens,valiz,sandal ak valiz pale pou yon fi,menm jan lèn gade yon gason nan pye nou gentan wè ki stil nèg li ye.

louis-vuitton-2628969_640