Konsèy pouw sispann twò fyè

Lè w twò fyè sa pa ede w rekonèt erè w,sa rann ou bay lòt tò pou echèk ou.Konsèy pouw sispan twò fyè
Kòm nou diw li deja depi w twò fyè sa ka fèw mal ni moun ki bò kote w,nou vin ak kèk konsèy pou w konsa wa apran lavi pi senp,ou dwe viv li senp,li lè pouw komanse viv yon lòt jan.

1. Pa ofanse pou nenpòt ti bagay
Si wap chache rezon ki fèw ofanse ,wap jwenn saw vle,jan wap panse a ap fè w pi fèb,adopte lòt jan pou w panse ,aksepte lot yo menm jan ak tèt ou,ou toujou santi moun ap derespekte w,ak tout sa kap pase bo kote w sèlman wap rann bagay yo difisil.Se pou w imilye w pou w gen konpasyon epi pou w ka avanse ak lavi.

2.Sispann panse ak sa moun ak di sou ou
Lèw twò fyè li difisil pou w lese w montre saw ye nan plizyè okasyon,li pa fasil pou w reflechi sou sa nap fè,sa pa enpòtan sa moun ap di sou ou,kit ou fè byen moun ap pale,fè mal moun ap pale,nan yon mo moun la pou pale,premye bagay pouw panse fòk ou wè ou twò fyè,gen moman sa ka vire kont ou.Chache lapè enteryè epi pa koute tèt ou,pa kite sa lòt moun panse afekte w ou gen anpil bon bagay nan ou konsa wa rive amelyore relasyon entèpèsonèl ou.

 

3.Retire panse sa nan tèt ou ,kote w toujou gen rezon
Bagay sa ka fèw kite objetif ou dèyè,nan anpil okasyon nou vle defann refleksyon nou sou pa lòt moun yo,se yon bagay nòmal pouw defann pozisyon,men ak anpil respè pou sa lòt yo panse epi pa janm bliye chak moun nan mond lan pa panse menm jan ak ou

4.Simonte nesesite ki fè w santi w siperyè ak lot yo
Piga w janm kite sa pase w,pa gen moun ki siperyè ak lòt chak moun gen enpòtans yo,ou vle jije tout moun sou aparyans yo,ou pa dwe ap wè ki moun ki pedan oubyen ganyan se yon bagay ki tris anpil jan panse sa yo mennen resantiman ak konfwontasyon,tanperaman sa ap fè w gen distans ak anpil moun paske wap toujou wè pifò moun se rival ou.

 

5.Bay yon lòt gou ak lavi
Diminye yon bagay kap konplike vi w ka ede w avanse anpil ak amelyore ,eseye gen konpasyon pou lot mon epi ri pwoblèm wap afwonte konsa wa wè lavi a ak mwens lapenn,siw konvèti lavi w nan yon dram,pèsonn pap vle apwòche w.