9 mwa gwosès

An reyalite sel 5% timoun ki fèt dat yo,menm si yon moun sou kontwòl,li gen bon sante,li dwe swiv gwosès la jiskaske jou a rive poul fèl natirèl.

Nan 37 semèn nan timoun nan dwe ap ranje kò l pou l sòti,si tèt timoun nan lan pa anba,se lè sa manman santi yon ti soulajman,presyon an diminye sou zo kòt ak ògàn enntèn yo,li kite kèk ti espas nan lestomak la egzanp.Sa pral fè li pi fasil pou respire epi pou manje
Toutan bebe a ap desann,kranp ak kontraksyon yo ap vin ogmante,pou kalme yo se yon masaj kotew santi l la,yon ti egzèsis ak bon manje.

Nan nevyèm mwa gwosès la,li pwobab pou kèk konplikasyon vin agrave,espesyalman,enflamasyon ki pwodwi kòz liki ki gen nan tisi yo,pou soulaje sa se kouche leve pyew anlè,toujou bwè dlo epi elimine sèl nan manje w.

Embarazo

Sa ka rive fi a vin ap wonfle pandan lap dòmi,nan denye mwa lap vin wonfle plis,nou gen kèk ti remed pou sa,se poutèt sa manman pa dwe kanpe sou egzèsis li paske gen yon nivo timoun nan rive li fin gwosi se lèl lap tann poul sòti,yon bon rejim ak egzèsis ap evite timoun nan pa fèt twò gwo,egzèsis detant yo bon anpil,sa ap kalme ansyete,lespri moun nan ap pi trankil poul afekte sansasyon fisik nan moman akouchman.

Kijan nou fè konnen moman akouchman rive?
Lè moman vre kontraksyon an rive ap gen rit fò,de oswa twa chak 10 minit pandan èdtan,la nou antre nan pwen final la,se kouri lopital pou w akouche,si pa gen kontraksyon sak la ka pete sa se yon lòt siy ki montre bebe a ap sòti nan y