Enpòtans ki genyen nan bwè yon vè dlo chak maten anvanw manje

Dlo ka fè anpil chanjman nan vi w pou rès jounen an,si wap chache pèdi pwa oubyen rèt an sante.Ann al wè rezon pouw pa janm bliye bwè dlo nan maten,poukisa li enpòtan konsa?

Apre nwit lan li posib pou yon moun reveye dezidrate.Yon idratasyon toujou enpòtan kou w leve.Yon kò idrate bay yon pi bon sikilasyon oksijèn,sak pral rann jounen an kòmanse ak plis enèji.

Pa mande si dlo a gen yon ti sitwon ki pral elimine toksin,maksimize fonksyon anzim yo epi ankouraje fwa a pou pi bon dezentoksikasyon.trip ou ap pi pwòp ,lap prepare poul resevwa plis eleman nitritif,dlo a pa sèlman kenbe w an sante li amelyore po a tou.

Bwè dlo nan maten aktive sistèm dijestif la epi ogmante metabolis la pandan jounen an,anplis li fè sa gen lòt etid ki montre bwè dlo nan maten anvan nenpòt bagay fè kò a pa kenbe grès,yon lòt bò dlo a diminye nan apeti yon moun.
Siw se yon moun ki malad souvan,sa ka rive ou manke bwè dlo,piske tout sa kap fonsyone nan kò a se ak dlo,si manke dlo ap gen pwoblèm sitou ren yo pral fè plis efò pou yo travay,sa ka rive nan fiti ou vin bezwen chanje ren ki pa fasil nan nenpòt peyi a,pwoteje tèt ou se pa lèw malad pou w ap kwaze kò w,fèmen baryè anvan bèt antre,lèl fin antre lap difisil pou w mete l deyò.

Dlo gen yon wòl fondamantal nan sistèm lenfatik,lè sistèm sa ekilibre,kò a prepare pou l konbat nenpòt enfeksyon.Anplis etid yo montre yon bon idratasyon ogmante nivo kòtisòl epi diminye estrès ak risk pou vin malad.