Manje sa yo kont doulè

Lèn santi nou pa byen,premye sa nou se konprime nap chache san ke nou pa konnen se pa sèl chemen an sa.Gen plizyè manje ki ka edew sa pral depan ki jan de doulè w genyen,jodia nou pral pale de kèk nan yo,konsa wa sispan itilize konprime pou nenpòt ti bagay.

1.Jenjanm:Te jenjanm pa sèlman gou,men li konbat doulè gòj tou,Li anpeche vètij akòz karakteristik anti enflamatwa li ideyal pou doulè nan jwenti.

 

2.Anana:Se yon fwi ki gen efè sou doulè nan misk ki koze pa antors ak zo kase,li amelyore dijesyon epi li ede kont
3.kannèl:Desanfle vant,siw melanje ak myèl,wap gen yon remèd ki bon anpil pou fredi,yon tas lèt ak yon kiye kannèl efikas pou doulè règ.

4.”Blueberries”:Yon vè ji sa bon efikas anpil pou konbat enfeksyon nan kannal pipi,epi anpechemedam yo gen enfeksyon nan vajen.
5.Zonyon:Li ede diminye kolestewòl,kenbe elastisite atè yo,epi anpeche kansè
6.Kawòt:Yo pwoteje sistèm iminitè a pandan règ la epi ede amelyore sikilasyon san epi kalme doulè a.
7.Epina:Li goumen kont enflamasyon nan sèvo a,li diminye risk Alzaymè,epi li kalme doulè nan misk.

images

Gad tout benefis fwi ak vejetal genyen pou kò a,gen plis toujou wi men jodi a nou kitew ak sa yo,ou gen dwa manje bagay la pou renmen epi ou pa menm konnen ki janl bon pou kò a.Kòm kounyea ou konnen siw pat konn manje yo se pwofite nouri kò a ak bagay ki ap anpechew malad.