Ji kont anemi ak pèt cheve

Nou toujou tande yap pale de ji sa yo,men se pa tout moun ki renmen yo.Siw nan yon sitiyasyon ou fatige,règ ou vini anpil,chevew ap tonbe gen yon bagay kap mal pase,siw poko al wè doktè ou te ka eseye ji sa pou w wè.

 

Engredyan
1 bètrav
1 tas epina

top-view-1248949_960_720

2 kawòt
1 zoranj (oubyen sitwon ak chadèk)
2 oubyen 3 bout seleri

Preparasyon
Lave tout,apre blende yo ,bwè l san sik