Kijan pouw gen yon entèvyou travay ak siksè

Bon seve ak anpil ekperyans se pa yo sèlman ki ka garanti yon bon pòs travay,gen lòt fakte ki ka edew briye nan gran konpetisyon sa,na pral diw kèk ladan yo.

Siw pral chache twavay nan yon biwo ou dwe abiye ak koulè ki pa tèlman cho,makiyaj natirèl,pa mèt twòp bijou,byen penyen tèt ou,enteligans ou dwe parèt nan visaj ou.

Rive 10,15 minit anvan lè a,ou ka fè yon gran diferans ak sa,kote yap wè tan ak lè a enpòtan pouw,se konsa wap bay pa lòt yo valè tou.

Salye san bay nonw kite yo mandew li,kite yo lonje men ba ou anvan
Gade pwèstans ou
Depiw kanpe bat pouw toujou rete dwat,lèw chita fè dow touche ak chèz la epi pyew atè,menm siw gen estrès bat pou sa pa parèt.Li enpòtan anpil pouw gade moun wap pale avèl la nan zye,sa ap fèl wè ou entèrese ak sa lap di yo epi ki valè ou gen pou pòs travay la ak kijan de moun ou ye.

 

Lèw pa kite yo wè menw,sa vle di ou gen yon bagay wap kache,mete menw sou biwo a oubyen tab la
Pigaw janm entèwonp moun kap pale avèw la,tann lè paw pou pale,pwofite moman paw la pouw poze tout kezyon ou genyen ak retire dout ou yo,toujou fèmen telefòn ou.

Pigaw janm bay manti nan yon enèvyou,bat pou tout enfòmasyon ki nan seve a se verite,pa bliye tout saw ap di yo ap verifye.

Moun kap resevwa ou a gen tout enfòmasyon w yo nan menl sa pa vle di pouw pa ale ak youn nan menmw,ale ak yon kanè pouw ka ekri sa yap diw yo,sa se yon bon empresyon kap montre ou bay atansyon ak mwens detay yap diw yo
Pran sanw pou w repon,ekplike ak limit pa ale twò lwen ni kite tèm nan,eseye empresyone moun ki anfas ou a.

Asirew kew konprann tout enfòmasyon yo anvan w deplase,pigaw pè poze nenpòt kesyon sou travay ou pral fè a

Di orevwa ak anpil sajès,di mèsi,kite zyew nan zye moun nan epi fè yon ti souri
ou te al nan yon entèvyou pou travay deja kijan sa te pase pou ou?