Kenbe pipi gen konsekans li

Blad pipi a se ògan ki kenbe pipi ki sòti nan ren an jiskaske li pase nan kanal pipi a epi li elimine

 

konbyen fwa nou fè bagay sa nan vi nou?
wap travay,ou okipe anpil,ou pa gentan menm pouw al nan twalèt menm si kò a mande sa,pafwa nou ka kenbe pipi jiska 3 ak 4 èdtan jis poun ka rive lakay poun ka santin pi byen lè nap pipi.

 

Nou ka fè sa 2 fwa nan semèn nan men,sak pase lèw fè sa li vin tounen yon abitid?gen anpil moun ki trouve yo byen nan twalèt lakay yo sèlman yo pa vle al nan twalèt piblik menm sa nan travay yo a,yo evite,sa ka vin yon gwo pwoblèm pi devan

 

Chak tan nal nan twalèt,gen anpil bakteri nan blad pipi a ki elimine sa evite yo al kache lòt kote,pou yo pa pwodwi enfeksyon,sak pase menm lèn kenbe pipi pou yon rezon oubyen pou yon lòt pa gen lòt remèd ke kenbe pipi?pafwa se parès tou ki fè moun nan paka leve.

 

 

Nòmalman blad pipi sipòte 150 ak 220 ml likid sa depan de chak moun,se yon bagay enpòtan nou pa dwe janm neglije,lè blad pipi a fin plen,kèk reseptè akitive epi yo avètil sèvo ke lè a rive pou nou pipi,lè sa a,sèvo a aktive sansasyon doulè,deranjman,pou nou ka al pipi,pou nou ka al libere blad pipi a paske li plen.

 

Kenbe pipi se pa nenpòt bagay,se yon bagay enpòtan,pigaw janm pranl pou yon abitid,si kòw voye yon siyal pou ale nan twalèt,li tap bon pouw pa mize sou sa plis ke 15 minit,nan fèn an sèvo a pap avizew ankò epi konsekans yo ap rivew,blad pipi a ap vin elaji,pyè nan ren,malèz,granp,fatig elatriye.

 

Se yon bagay ki senp depiw gen pipi pa kenbel nenpòt kotew ta ye a mande pipi si non menm ou menm kap pwodwi pwòp maladiw,prevansyon se kle.