Konsèy pou nitrisyon fizik

Pou yon bon pefòmans nan espò fòk gen yon bon nitrisyon tou
Sa wap bezwen manje?

Ou bezwen manje anpil kabòn
sereyal fwi ak legim, pwodwi letye, elatriye, yo endispansab pou kò a.

Konsome pwoteyin
Eleman nitritif sa yo se pou kwasans misk yo,pou kenbe misk yo,fòk ou pran pwoteyin.Yon atlèt bezwen pwoteyin

Kontwole grès
siw se yon moun ki mens anpil pou faktè enèjik ou,men li tap pi bon pou yon moun pran grès vejetal tankou zaboka, lwil oliv, nwa, elatriye.

Bwè anpil dlo
Bwason idratan yo dwe presan nan vi yon atlèt,2 lit dlo chak jou ,pa pè bwè dlo menm siw pa swaf

Pwograme sa wap manje
Woutin egzèsis yo enpòtan,men li enpòtan tou eleman nitritif ak repo,kou w fin antrene li fèw grangou,manje kabòn pou ka gen enèji, likid pou idrate, pwoteyin pou rekonstriksyon tisi misk yo.

Manje natirèl yo pi bon pase tout bagay,yo pi fasil pou kwit epi san grès,Fwi,legim ,sereyal ak kabòn al nan fwa ak misk yo.Manje 4 jiska 5 fwa nan jounen an,pa manje pou vant plen,manje sa kap ede w epi kenbe w.