Kle pou yon fanm antreprenè

Rive yon antreprene pa fasil,men tou li pa enposib jan nou toujou diw pa gen anyen ki fasil sou te a,men depiw enterese tout bagay ap anba pye w.Kòmanse nan baz tankou:manke tan,fanmi ak pwoblèm patnew,diskriminasyon nan travay ak lòt moun..,konsa lap pi fasil pouw wè chanjman an.

Wap bezwen:
Yon mantalite pozitif:Gen sekirite nan tèt ou,pa konte sou konsèy lòt moun sou reyalize objektif ou,met nan tèt ou ke bagay ki kapab

anpeche yon moun ogmante pèfòmans li se yon manke kwè nan pwòp kwayans li sou sa li ka fè oswa sal paka fè.Lide negatif sa yo ap anpeche yon moun reyalize epi rive nan nivo siksè yo.

òganize w:Yo fanm antreprenè dwe pote atansyon ak sa bisniz lan bezwen san l pa kite fanmi,zanmi,lekòl,okipasyon pesonèl li sou kote,dwe gen yon balans chak bagay gen tan yo,pou youn pa pran sou tan lòt.Pou reyalize biznis ak siksè youn nan gwo poto yo se pou aprann delege fonksyon yo ak sajès.

Mujeres3

Kontwole emosyon ou:Mo kle yo reyalize siksè nan biznis se:pasyans, pèseverans ak tolerans,poutèt sa panse anvanw aji lè w anfas yon defi,toujou kenbe kalm ou nan bisniz ou,kontwole emosyon w epi ogmante kapasite ak lidèchip ou.
Devlope yon plan:Poze tèt ou kezyon sou rezilta ou bezwen nan bisniz lan,kijan piblik la ye?ki objetif ou?konpetitè prensipal yo,vale ki pral fè bisniz ou a inik sou mache a ,sonje si yon bagay sòti mal nan kòmansman an sa pa vle di tout bagay pè di,eseye ankò,itilize sitiyasyon an epi chanje estrateji chak tan l posib,mete nan tèt ou opòtinite kite yo kenbe l sèlman moun ki pèsistan

Vize pou rive:Ou paka ap panse ak yon moun ki jwenn bon rezilta,sanw pa gen anvi ekperimante kwasans nan tout aspe nan vi l.Se menm bagay la nan bisniz,jounen jodia tout bagay rapid si sa wap vann yo pa bon kalite pa gen moun kap kouri dèyè w.

Aktyalize w:Toujou enfòme sou tout bagay nouvo kap antre nan mond lan,pou ka gen yon vizyon konple,patisipe nan semine,chache moun ki gen plis ekperyans ke ou,pwofite tout opotinite pozitif ki prezante devan w.
Antoure ak moun pozitif:Yon etid montre 5 moun nou pase tan nou se yon kap enfliyanse nan vi nou,se poutèt sa rete lwen tout zanmi ki gen panse limite ak negatif,bat pouw pase plis tan ak moun ki pataje menm vizyon ak ou.