Konsèy pou pran swen ak renmen cheve afro w

Cheve nou se echantiyon resistans,pa gen rezon pou nou vle chanje yo,siw ale pi lwen nan istwa wap wè se konsa zansèt nou yo te ye,ak tan anpil bagay chanje,ak tan tou anpil bagay retounen.
Nou kite kèk konsèy pou ou nan atik sa,renmen chevew se yon peche obligatwa

1. Sèvi ak dwèt ou
Se yon yon cheve ki fasil pou kase si nou maltrete yo,si nou demele yo ak peny gwo dan oubyen dwèt nou ap evite yo rache

2. Mare cheve w yo
Cheve afro yo sèk anpil,se poutèt sa idratasyon enpòtan anpil,lèw pral dòmi antre yon bonè saten nan tèt ou,konsa dra oubyen sak zòrye a pap bwè lwil ki nan tet ou a.

3. San chanpou ak silfat
Chanpou ki gen silfat la kite cheve a san gres natirèl ak atifisyèl li,pwoblem jounen jodia seke ni chanpou ki pa gen silfat kite cheve a sèk tou,gen lòt bagay yo itilize pou lave cheve a ki pap cheche l tankou:vinèg pòm,bikabonak,siw toujou deside lave chevew ak chanpou pran sa ki pa gen silfat ak sak ekri idratan.

 

skin-care-ingredient-glossary

4. Idratan
Cheve afro renmen dlo,flite dlo sou yo chak tan w kapab,sevi ak krèm ki pa rense san idwosid sodyòm,idrate cheve yo chak tan nou kapab.Yo pèdi idratasyon an rapid,pase be karite ak lwil natirèl ladan yo,sa ap fèl rete idrate pou plis tan,fè mask ak pwodwi natirèl tankou zaboka, kokoye, fig, ze.Anplis yo pi ekonomik ke lòt pwodwi kap detwi cheve a,yo bay pi bon rezilta

5. Jwi yo
Sosyete a asime ke cheve n lèd,kwafi nou yo pa al nenpòt kote fòk gen yon perik oubyen repase cheve yo pou kèk okasyon,siw tap chwazi nou pa kwè se cheve saw tap pran,men se Bondye ki baw li paske l we se saw merite se moman pouw pwofite de yo,se pa lè pwodwi chimik fini ak yo pouw wè janw te gen bon cheve,penyen yo jan w renmen,chwazi fè stil ou vle,pran swen yo ak lanmou.