Bagay ou pa dwe janm fè kado

Fè yon kado se yon bagay senp epi konplike nan moman pou yon moun chwazi,li tap bon pou n panse 2 fwa,pou moun kap jwenn kado a pa santi fache oubyen tris.
Anpil moun pa konprann oubyen konnen bèt se yon vivan,li posib moun ou ta renmen fè kado yon bèt pa prepare pou sa,konsa li ka pa gen kote,tan ak responsabilite pou pran swen yon chat,chen elatriye,bèt yo pa objè,sonje yo ka viv anpil tan,li pa posib pouw fè yon moun kado bèt san w pat konn tande l dil bezwen youn oubyen ou pa konn disponibilite l.

Lajan
Se pa tout moun kap byen resevwa kado sa paske kòb ap pase men yon souvni toujou rete la,gen moun kap pranl mal
Souvètman

Pwoblèm se pa fè kado souvètman,men anpil fwa nou pa konn mezi moun nan oubyen sal mete,sil twò piti pou moun nan li pap tèlman kontan,ou gen dwa ba lil li pa janm ka itilizel.Sa ka rive kòb ou a pèdi,atansyon nan kado wap achte yo.

Yon kado yo te fèw kado
Ou toujou tande sa,kado pa fè kado ebyen se vre,menm siw pap kwèl gen anpil moun ki fè sa,pa gen okenn edikasyon la,yon moun fèw kado yon bagay ou dwe gadel tankou souvni,menm sil toujou bèl pa fè kado l.

mascotas

Liv
Ou konnen moun nan pa gen tan poul li,ou paka achte yon liv pou li,menm si se yon bèl istwa pa bay li,se espas li pral pran kay moun sa.Sak diw moun sa renmen li?

Bagay li ka itilize yon sèl fwa
Lè yon moun fè yon lòt kado yon nap ki gen desen Nwèl,li pap janm ka itilize nan rès ane a ankò,pa bay yon kado kote se yon sèl fwa moun nan ka itilizel.

Kosmetik
Ou ka wè sa ras,men gen moun yo fè kado kosmetik,men li pa janm itilize l paske chak moun gen stil makiyaj yo,li difisil pou yo chanjel,pa oblije okenn moun al eseye lòt kalite makiyaj li ka pa fèl byen.