4 Konsèy pou yon maryaj deyò

Anjeneral li toujou yon espas ki ouvri sou pisin oubyen lanmè,yon jaden pou jwi yon moman ak fanmi,zanmi,anplis pou fè anpil foto
Yon maryaj nan jaden,plaj ka lakòz yon bèl evènman ekstraòdinè,lè gen anpil atansyon ak tout ti detay yo ki ka rive fè diferans.

1.Pou plis espas
Li enpòtan pou verifye kote moun yo pral sikile a pou ka gen yon bon sikilasyon,gade si pa gen foumi,sa enpòtan anpil pou pa gen pwoblèm nan maryaj la,tout sa se pou evite pwoblèm.

2.Pou moun yo ka wè pi byen
Nan ka yon maryaj ki gen 50 oubyen plis envite fòk pa gen difikilte pou tout moun sa yo wè kijan resekpsyon an ap dewoule,asire pozisyon chèz yo ranje a tout moun ka wè san yo pa kanbe,fè kote moun marye yo ap chita yon jan piwo kote moun marye yo pral parèt wo.Fasilite vizyalizasyon ak plezi pou envite yo.

gaba-1874655_640

3.Pou tande pi byen
Yon aspè enpòtan pou w kenbe nan tèt ou,lèw anvi fè yon maryaj deyò se kijan bri a ap sòti,moun kap marye yo ap gen ti estrès kòz sa yap vin pale ba ke jan yo konn pale,van ka pote pawòl yo ale,se poutèt li toujou bon yon mikwofòn ak baf pou yo asire tout moun tande tout sa kap fèt nan moman.

4.Pou jwi pi byen
Si maryaj la fèt nan moman chale li tap bon pou yo mete kèk tant nan lakou a pou bare solèy pou envite yo ka jwi sa gad dèyè epi kreye yon espas ak klima fre,pou maryaj lannwit fè anpil atansyon ak marengwen poutèt sa toujou fè plite pwodwi sou flè yo pou ka fè yo rèt lwen.
Tan rive pou fè yon dekorasyon elegan epi romantik

best-wedding-destinations-of-201503florida-shutterstock