Konsèy pouw ka vin yon pi bon manman

Manman se yon eksperyans entans ki ap travèse nou,li fè po nou tankou poul lèn wè yon tibebe ki fèt,sitou si se pitit nou.Wòl sa nou jwe a,pafwa fèn santin nap mache sou yon kòd lach epi nap fè ekilib sou yon falès,ak tout sa nou toujou rive nan destinasyon nou,depi premye jou timoun nan fèt la plis chak jou kap pase nou toujou ap poze tèt nou kezyon:kijan mka fè yon pi bon manman?se pa paske nou ap fè travay la mal,men nou toujou vle kenbe kòd la paske ou konnen se lòm nou ye ap toujou gen erè ki fèt.

 

Poutèt sa gen kèk aspè ki ka eden fè yon pi bon manman,nou pral diw kèk ladan yo la
konprann ke nou tout fè erè
Sa pa vle di nou neglijan,pa bliye nou se lòm jan nou te diw tale a,nap fè yon jan poun korije erè yo ak imilite,padone pwòp tèt nou.

Gen konfyans nan tèt ou
Konfye nan valè ak kapasite kew genyen yo,pouw ka resoud nenpòt pwoblèm ki presante devanw,toujou mache ak siksè.

6428d73ad76fc6d91574200826b3651f

 

Pa pouse tèt ou plis pase sa ou pa kapab
Pa gen moun ki fèt tou konnen,kite tan pale pou ou epi bay pi bon bagay ou gen nan ou a,plizyè fwa sosyete a egzije nou twòp bagay,epi pi fò fwa yo se manman kap dejajel pou bay pitit li manje pa gen tan pou tout bagay sa yo,ide a se poun rilaks nan mitan tanpèt yo,respire epi selebre sak pi bon nan ou a,pitow aplodi tout saw fè deja yo ke wap fè sakrifis pou sosyete a,ou ka tonbe nan tou kale jew.

 

Valorize saw fè chak jou yo
Pwogrè wap fè ak timoun nan chak jou a anpil,menm siw wèl parèt piti se pa vre,siw santi wap mache tankou foumi pigaw janm minimize saw fè ni sa pitit ou fè bat pouw toujou rive kotew vle a.Toujou poze kesyon epi obsève pitit ou,travay wap fè ak timoun nan chak jou parèt komen men li pa fasil

1e21fcce41ad191d3229ba69acad8815

Bay tan pou tèt ou
Menm sil parèt yon bagay enposib chache fè yon ti tan pouw repose pouw ka gen plis fòs toujou,pigaw santiw koupab pou sa ou meritel epi ou bezwenl jis kote kòw.Aprann fè yon bon manman tande epi briye tankou fanm siw renmen tèt ou epi ou respekte tan pou repose a sitou lè timoun nan bebe oubyen piti wap tounen flè pou pitit ou repoze chak jou wap gen mwens fatig ak estrès,imajinew pa janm dòmi ou pap ka jere timoun nan vre.