Kijan w ka retire pis sou chen?

Pis yo rete nan zèb nan sezon prentan,lè yo santi yon chen ap pase alantou,yo monte nan pat li ak yon gran vitès,konsa tou yo te ka gentan enstale sou lòt chen epi yo volè sou paw la,se lèw rive lakay ou wap dekouvri bèt sou chen w lan sanw pa konn kote l pran l”wow chen mwen an gen pis”

Sa pouw fè lè sa pase chen w lan?
Sa ap pran yon ti tan pou libere ak bèt sa yo,men gen chans pouw jwenn kèk bagay ou ka fè pouw rive detache w ak bagay sa,men siw ensiste ou pap sòti konsa.

unnamed (4)

Pou retire pis sou chen
Lèw fin benyen chen an,ak tout kòl mouye pran yon tas vinèg kòmanse vide li sou li pa tikal,asirew tout kòl jwenn,kite fè 5 minit,epi pran yon fouch kòmanse penyen l,apre rensel.

Yon lòt jan ankò,ou ka retire pis sou chen w se pran 2 tas dlo cho ak kèk gout likid asyèt,yon tas alkòl doktè,melanje yo byen epi benyen chen an ak solisyon sa,fwotel nan tout kò l,kitel fè 2,3 minit apre sa rense l ak anpil dlo tyèd.
Retire chen an nan dlo a,pandan plim li mouye pase yon fouch sou tout kò a,pouw ka retire pis ki mouri,apre sa mete fouch la nan yon veso plen alkòl,konsa wa asire w li yon kote.
Ou ka repete remèd sa yo,apre kèk jou si sa necèse.

unnamed (3)