Erè nou konn fè lè nap fè rejim

Pandan wap li sa siw santiw touche kontinye li paske nou pral diw kèk erè ou konn fè lè wap fè rejim ki konn kòz sa pa janm mache.Siw desepere ou wè tout saw fè ou paka desann seke gen yon bagay ki ap mal mache nan sans sa
Men lis la:
Sote manje:Rejim pa vle di pouw rete grangou oubyen pa manje ditou se lè sa ou pral manje plis toujou men mwens kantite sa vle di wap manje 6 fwa nan yon jounen men ak limit.

Abize manje light yo:Moun pran plezi manje mezi manje light yo paske yo konnen sa pap fè yo anyen ebyen saw pa konnen pi gran pasew,epa tout tan manje sa yo bon pou nou sitou jan nou manje yo a sa ka vin rann nou pi gwo.

Nota-No.5-Estos-son-los-errores-fotono.2

Alkòl ak sèl:Lèw bwè ak manje twòp sèl sa bon pou yon moun kap fè regim,ou sipoze nouri byen epi pran manje kap edew redwi grès,sik,kabòn,fòw manje mwens sèl paske lap konsève likid la menm jan ak alkòl.

Legim:Mete fwi,fèy,nan sa nap manje yo lè nap fè rejim nan epa sèl kalori yo ki enpòtan menm siw pa pran anpil grès ak sik sa pap edew siw pa melanje yo.

likid:bwè 2 lit dlo chak jou epa ji non dlo san sik paske gen moun ki di yo bwè ji yo pa bezwen bwè dlo ,ou bezwen byen idrate.

Nota-no.5-Estos-son-los-errores-fotono.3

Manje prese:janw manje a vin fèw toujou grangou se pouw chita pran sanw pouw manje menm siw prese.
Manje maten: se yon bagay pouw pa ta janm rate,se nan lè sa metabolis la aktive pa janm bliye manje nan maten.
dòmi:lèw pa byen dòmi sa ka afektew,repo a esansyèl pou metabolis la ka fonsyone byen,siw dòmi byen ou ka menm pèdi pwa pandan wap dòmi an.

Nota-No.5-Estos-son-los-errores-fotono.4-300x200

Espò:Nenpòt rejim wap fè a fòw fè espò ansanm avèl pouw ka kenbe rezilta ou jwenn nan,yon ti mache 30 minit pap deranje moun.

Mete an konsiderasyon tout sa ki enpòtan yo epi korije sa wap fè ki mal yo pouw ka rive pèdi pwa ou vle,anvan tout bagay sa yo pouw ka gen yon vi ki ansante.