Saw dwe fè lè w mete fen nan yon relasyon

Pifò fwa,lèn mete fen nan yon relasyon,nan ka se pa nou menm ki pra desizyon an,sa n toujou vle se retounen ak moun sa yon lòt fwa san rann kont kijan sa ka afekte nou se poutèt sa li bon poun kijan poun reyaji.
1.Pa chache ansyen mennaj ou

Si se moun nan ki deside kanpe sou relasyon an,li tap pi bon pouw pa chache l,respekte desizyon pa chache l pou nenpòt eskis la,nou pa bezwen diw pouw ta priye sou sa,sil deside rete lwen w se pwoblèm li,se pa pou ou,kontinye fè viw san li,menm si sa ta rive konplike anpil.

couple-2604197_960_720

2.Evite souvni
Li enpòtan nan premye mwa separasyon yo,pou evite gade souvni ou genyen ak li sitou foto,nou konnen gen kèk bagay ki enposib pou evite,sitiyasyon nou viv ansanm si wap panse ak sa wap soufri plis,li pa fasil pouw kontwole lespri w men li pa enposib,lè wap panse ak li bat pouw chache yon bagay pouw fè,pa panse ak li souvan.

3.Pa kite l konnen wap pase moman mal
Bat pouw amize ak fanmi,zanmi w,moun sa yo ap toujou fèw santiw byen,yap fè tout bagay pou fè kèw kontan

4.Yon bagay ankò se fè egzesis
Yon inivèsite “Boston University School of Medicine” konfime partike aktivite fizik andorfinki se yon sibstans ki pwovoke yon sansasyon pou fèw santiw byen plis toujou lè yon moun tris.

Running-Best-Cardio-Exercise