Mete soutyen ak manch oubyen san manch

Sa kon rive nou pa vle chanje kalite soutyen nou mete yo,nou ka santi nou byen avèl,gen kèk kote nou konn prale soutyen sa yo paka mete lè sa nou konn jwen yon lòt ki gen plis benefis.Siw vle konnen ki enpòtans ki genyen nan soutyen ak manch oubyen san manch kontinye li.

 

Soutyen ak manch
Anpil moun renmenl paske yo santi li pi byen kenbe yo,anpil lòt pa renmenl paske yo tande li ka kite mak nan do yo,nou bezwen konnen,eske se yon bon mak li ye?,menm sil gen manch lan eske tete nou pa parèt lage,eske manch lan solid vre,siw renmen soutyen ak manch wap bezwen pouw achte yon bon soutyen pouw pa twò pese tete ou ni kitel pèdi fòm li,soutyen an gendwa gen manch epi tetew lage nan sans sa wap bezwen chache solisyon.
Soutyen ak manch

 

Fi ki pa gen gwo tete yo toujou gen tandans achte stil soutyen sa yo,nan tan sa gen tout kalite pou nenpòt gwose tete a epi yo ka mete ak nenpòt kalite rad,sak pi enpòtan se chwazi sak bon pou ou a,siw se yon moun ki pa janm mete modèl sa yo eseye pouw wè.

 

sou

 

Sa depan nan ki okazyon
Pou nou fini ak ti konsèy sa jodia ,nou konseye ou mete soutyen nan stil rad ou mete a,paske se pa tout soutyen ki ale ak nenpòt rad epi tout soutyen pa ale nenpòt kote imajijew pral fè espò,ou mete yon soutyen san tèt oubyen ak manch li pap bon nan sans sa ou dwe mete yon soutyen ki fèt pou espò.
Siw mete yon chemiz pou tetew ka parèt byen kanpe kit ou te gen gwo tete oubyen ti tete si o si se yon soutyen ak manch pouw mete menm jan pou yon rad san tèt ou mete yon souyen ak manch li pap parèt bèl ditou.
E ou menm ak ki modèl ou rete? Nou menm rete ak tou de,paske sa depan de okasyon an.