Retire tach nwa

Nouvèl ki pi bèl la seke gen mask natirvl nou ka itilize pou retire tach sa yo
Pwodwi sa yo ka eden diminye epi retire tach nwa sa pral depan ki nivo pasyans ou tou

 

Krèm pòmdetè,siwo myèl ak lèt
engredyan sa yo fè moun vin pi kle tou,yo swa,epi yo nouri po a,nou ka itilize yo nan zòn ki pi sansib la tankou figi.

engredyan:

1 pòmdetè
1 gwo kiyè siwo myèl
2 gwo kiyè lèt

Preparasyon:

kale pòmdetè a bouyil lèl fin kwit krazel byen fen melanje lèt la ak myèl la jiskaske li tounen yon pat apre pase nan figiw kitel fe 20 minit apre sa rense figiw fè sa jiskaskew wè yon diferans.

 

Mask konkonb ak sitwon
sitwon yo itilizel pou pwòpte po
engredyan:
1 konkonb
1/2 tas sitwon
1 ponyen pèsi
1 gwo kiyè lwil oliv

 

preparasyon:

 

kale konkonb lan apre blende tout ansanm jiskaskel fè yon krèm
metel nan figiw oubyen kote ou bezwen netwaye a kitel fè 15 minit apre lave figiw epi pase yon krèm idratan nan figiw wap santiw pi bon toujou fèl 3 fwa nan semen nan.

 

Mask zaboka
se yon mask idratan ou ka pase nan menmw tou
engredyan:
1 zaboka
1/2 ji sitwon
1/2 tas yogout natirèl
Preparasyon:
blende yo tout ansanm jiskaskel tounen yon krèm apre sa pasel nan figiw oubyen kote ou bezwen netwaye a appre lave figiw

 

Siw alèji ak youn nan bagay sa yo nou diw la,pigaw fèl jis eseye yon tikal anvanw fèl.