Remèd pou grip

Gen kèk ti remèd nou vle pataje ak ou pou lè w gripe epa tout moun ki renmen bwè grenn. Pafwa ou kon gen yon grip ki pa janm ka pase ak tout remèd doktè ba ou men gen kèk remèd natirèl ou ka pran tou.

Siwo myèl zonyon ak sitwon :Wap bezwen yon zonyon pire 10 sitwon epi myèl kite fè 4 èdtan yon kote apre ou ka komanse bwè l

Laj ak zonyon : bouyi 3 dan lay ak yon zonyon pandan 10 minit melanje l ak zik oubyen myèl li ka parèt pa gou menm li se yon bon remèd.

Jenjanm ak te kanèl: Mete kanèl la ak jenjanm lan bouyi nan yon lit dlo apre melanje l ak myèl oubyen sik ou ka bwèl frèt tou.