Poukisa li bon depi piti pou tifi yo aprann danse balè?

Bon nouvèl,balè ogmante fleksibilite ak posti,pafwa manman yo pa menm gentan pou yo se pa paske yo vle debarase yo ak timoun nan non,ou konnen gen anpil bagay yap regle,men gen yon bagay ki kle lèw gen yon pitit fòw kreye tan pou li pouw fèl pratike yon espò kote lap bay tout enèji li gen andanl lan.Li tap bon apre klas,poul rete nan aktivite fisik ki fèt nan lekòl li gendwa se yon kou natasyon,oubyen yon lòt espò.

Siw gen yon ti pitit fi lakay ou,li pa nan okenn kou tankou nan okasyon sa nou vle palew de benefis li ka jwen nan balè lèl piti konsa.
epi poukisa li bon siw enskri timoun nan nan yon kou balè?

Balè se yon bagay ki bon anpil kote lespri ak nanm nan ap travay ansanm anplis ke lap fè kò timoun nan gen fòs paske pozisyon dans klasik modèn nan tonifye chak pati nan kò a
ba-1-288x300
Pratik chak jou a ogmante kapasite travay,fleksibilite ak pwèstans nan chak misk kò a. Konsènan jan yo itilize enèji yo,nan fèn jounen an,yo santi yon amelyorasyon nan fonksyon kò a.

Mennen yon timoun 5,6 lane al danse balè ap edel konsantre plis nan sa lap fè,paske diferan posizyon ak pa balè yo vin bay timoun nan plis konsantrasyon nan menmwa ak atansyon.

295382746_8c4e517599_b

Le nanm nan antre nan kontak ak lespri vin gen yon pèspektiv nan vil ak yon chanjman nan nanm nan li,li bal tolerans,trankilite,epi nanm nan absòbe jwa,lapè pou toutan.

Pa gen dout nan sa,se yon bèl egzesis,ki moun ki patap imajine pitit li abiye menm jan ak ti poupe ki nan bwat yo,ankouraje timoun yo fè yon egzèsis sitou balè.