Saw tap atann nan premye visit ou kay jinekològ?

Pi fò maladi ka evite si nou pran zwen tèt nou.oubyen nou kite yon espesyalis fè sa pou nou.Yo rekomande depi nan laj 13 a 15 yon moun ta dwe al wè yon espesyalis,generalman premye jou a se konesans pou espesyalis la ka konnen pasyan poul ka gen itwa klinik li,poul ka wè sak kap pase epi ki diferans kap genyen nan lòt visit yo,konsa tou gendwa gen yon egzamen ki fèt nan premye visit la sa pral depan de laj pasyan,sil fè sèks deja,sil konn gen pwoblèm règ.

 

Egzamen sa yo gendwa:
yon egzamen fisik general
yon egzamen sitoloji
yon egzamen nan matris
yon egzamen pèlvyen

 

 

Yon egzamen pèlvyen se yon egzamen nan tout ògan repwodiksyon yo,kote yo pral egzamine pa dejo vagen an,yon egzamen ak men pou ka touche ògàn entèn yo ki pa andan,fò manman yo edike timoun yo nan sans sa pou yo ka konnen ke sa fè pati nan fi a.

 

Espesyalis a se yon etranje kap touche kòl men sa pa anyen pitow fè sa byen bonè ke pita,egzamen sa yo pa fè mal.
Egzamen sitoloji se pou yo ka wè siw gen selil ki ka vin baw yon kansè demen nan matris ou.

 

Anpil fi toujou ap poze kesyon si yo bezwen fè egzamen pou tete yo tou,pou jan lap devlope ou ka toujou di jinekològ la sa poul ka revisew konsa wa tou konnen si tout afèw anfom.

 

siw santi doulè sa yo kouri al wè yon jinekològ
doulè règ
doulè nan matris
règ ki pa vini byen apre 2 lane ou te fin fòme
san nan pipi
siw pansew ansent
siw santi yon sentòm maladi seksyèlman transmisib
gen anpil timoun ki pa vle paran yo wè pati entim yo enbyen li tap bon pou cheke yon jinekolok pou pi devan pa pi tris paske maladi pa jwe ak moun pi souvan ou al wè yon espesyalis se plis wap pwotejew kont tout vye maladi.