Kouman pou yon relasyon a distans fonksyone byen?

Yon fwa sou entènèt,lòt fwa nan travay,etid,jounen jodi li komen pou yon lanmou a distans.Men se kijan nou pral jere sa?

Ou ta renmen pou relasyon a distans ou a fonksyone byen,nan atik sa nou kite kèk ti konsèy pou ou,nou espere yo itil ou

Fè tèt ou konfyans
Pou yon relasyon foksyone byen li mèt pre lwen fòk gen yon minimon konfyans nan tèt,tout moun nan tou,relasyon se yon bagay a de se pa youn,siw mal nan yon bagay ki fèt ak de,kijan bagay sa pral fè fonksyone la?premyeman gen konfyans nan tèt ou,Konnen tèt ou epi gen pwòp endepandans ou.Pran fòs ou,endepandan,kom yon gran fi oubyen siw ta vle vin yon gran fi,nenpòt lè ou ta gen pouw sipote moun sa kote l ye a fòk ou aji an granmoun,ou dwe yon konfò pou li.

Konfye nan li
Menm jan nan yon relasyon pwòch tankou sak lwen,wap bezwen gen konfyans nan moun sa,si nan yon relasyon pa gen konfyans se sou tèt li pral chavire,siw pa konfye nan moun nan pa gen entere pouw ak li,si se mennaj ou konfye nan li,nan lanmou l,konfye nan angajman l ak ou,pa pozel kezyon dwòl,li konn tout sa poul fè poul fè kèw kontan.dwa pou

Patne nan obligasyon pou ke l kontan
Kit moun nan fidèl oubyen non,sa pa vle di li pa renmen w,sa pa vle di fòk li toujou ap pale ak ou chak jou kòz nou lwen,li gen lòt bagay poul fè,fòk li sòti ak zanmil,al travay,lekòl,pase tan ak fanmil eltariye,pa tande l pou yon jou pa vle di i gentan ale ak yon lòt.

Ou dwe jwi lavi w
Pa chita nan kay la chak jou ap rèt tann li vini,sa ka pran 2,3 lane,fòk ou gen yon vi nomal,fè ti aktivite ak zanmiw,pwofite gen yon vi nòmal,sòti al wè fanmi,zanmi,pa chita nan kay la ap poze tèt ou kezyon w pap janm jwenn repons tankou:sa lap fè dat sa li pa relem?

Kominikasyon
Si youn nan nou pral sòti yon jou swa,anvan tout bagay fòk nou youn konn kòt lòt prale pou evite diskisyon,kominikasyon se pi gwo zam nan yon relasyon.

Aksepte janl ye a
Chak moun gen jan ak atitid yo natirèl,pa eseye di w wap chanje moun,lap enposib,siw renmenl malgre defo l aksepte l konsa,sil toujou al pase tan ak zanmi,fanmi l pa enpoze l,anplis ou pa menm bò kote l,jis kite moun pou l rilaks li