kòz ak solisyon nan mank dezi seksyèl

Ou ka santiw mal paske moun ou avèl la ap panse se anvi ou pa anvil,ou jis antre nan relasyon entim avèl pou satisfel.Lè yon moun pa anvi fè sèsk yon lè konsa,se yon bagay ki nòmal men lèl vin pwoblèm nan se lè tan ap pase ou plis pa anvi fèl epi sa vin ap afekte relasyon nou,nan sans sa li tap bon pou chache yon moun pou edew.

Kòz mank apeti seksyèl
Gen anpil bagay ki ka responsab pou pa gen okenn anvi fe sèks,pifò fwa yo li sikolojik.Abitid ki genyen nan relasyon an,pratik,posisyon ka fè moun nan pa anvi fè sèks oubyen li ka pèdi apeti chak fwa estrès ap ogmante,lensomni,pwoblèm travay,fatig oswa anemi.

 

Pwoblèm nan relasyon an se yon prensipal kòz paske si pa gen bon kominikasyon nan mitan moun yo,afeksyon ak entimite lap difisil pou yo gen anvi youn pou lòt.Pafwa tou sa konn relasyone ak relijyon kote yo di siw sèks se yon peche anvan maryaj,si youn nan moun yo kwayan li pap janm kitel rive nan yon pwen poul fè sa.

couple-1834936_960_720

 

Medikaman ak dwòg ka fè yon move efè sou apeti seksyèl,nan ka gason ak fanm li ka pwovoke yon diminisyon nan pwodiksyon testostewòn.Menopoz oubyen yon nivo ba nan pwodiksyon estwojèn,doulè fi konn gen nan vajen,ka kòz li pa anvi fè sèks.

Solisyon pwoblèm sa
Ou pa gen rezon pouw ak kraze tet ou paske pwoblèm sa pwovizwa,siw remake chanjman nan viw toujou panse se estrès travay,se nòmal lèw rive lakay ou pouw pa anvi fè sèks,siw wè sa ap afekte relasyon w ak patnè w se chache fè terapi pouw ka jwenn kòz prensipal la epi chache solisyon,siw gen yon yon zanmi sekrè ou ka pataje sa avèl,si pa gen kominikasyon nan kay la,lap difisil pouw resoud pwoblèm sa.

 

Gendwa abitid la sete antre anba dra fè ti pale,pase men nan tèt,sa yo gendwa pa fèt ankò epi anvi a ap pèdi tou.Depi jodia se kòmanse ap tout ti abitid sa yo fè yon jan pou pa manke karès,afeksyon tout sak te ka fè lanmou an pran dife pa kite yo dèyè.Li enpòtan pouw mete sa nan tèt ou,depiw pa anvi fè sèks pa fèl,jis pale ak patnè w de pwoblèm nan.