Pen avwan ak siwo myèl

Nou pa konn si nou bay kèk resèt pen deja,men pen avwan se sa nèt sitou pou moun kap fè rejim,se pa tout fwa nou jwenn li nan makèt,anplis se yon pen ki chè,pa neglije eseye fèl lakay ou.

Resèt pen avwan ak siwo myèl

Engredyan
3 tas farin
¾ tas + 2 gwo kiyè avwan
11 gram ledven
1 ti kiyè sèl
250 ml lèt
¼ tas dlo cho
30 gram bè san sèl
¼ tas + 2 gwo kiyè siwo myèl

werner-carol-mike-wheat-and-wheat-products

Preparasyon
Melanje nan yon bòl farin,ledven ak sèl ,nan yon kastwòl chofe lèt la,pa kite l bouyi,apre mete bè a ladan,mete dlo ak mye la

Apre sa melanje tout ansanm bat li byen bat pandan 10 minit,mete yon kiyè avwa n bwaze l,sil twò sèk mete yon kiye dlo,pase lwil nan bòl nou pral mete anba fou a,mete mas la ladan kite l repoze poul ka pran fòm li doub fwa,lè l fin doub,bat li ankò bal yon fòm rektang gwose bòl la,chofe fou a 180 ° C.Ak 2 kiye myèl ki rete a pase l sou mas la apre sa simen 2 kiyè avwan nan sou li,mete l anba pou kite fè 40,50 minit jiskaske li pran yon bèl koulè,lèl fin kwit kite l frèt anvan w separe l