Sekrè pou voyaje nan machin ak yon timoun piti

Ale nan plaj,nan vilaj oubyen mòn tout se eksperyans enteresan,men pwoblem nan se kijan pouw jere timoun kap avèw la poul pa bay twòp pwoblèm pa mande siw pral lwen.

 

1. Pale ak timoun nan sou vakans lan
Anvanw planifye vakans lan,reyini ak timoun yo pouw pale,montre yo foto kotew ta renmen ale ak yo.Sa a pral jenere anpil antouzyasm nan yo,yo pap menm panse ak distans lan.

 

2. Pote yon ‘tablèt’
Timoun nan ap nwi poul fè tout tan sa chita,se poutèt sa wpa bezwen yon bagay pou distrèl,pote tablèt poul ka jwe ak jwèt preferel la,dechaje yo pou li depi lakay ou,gendwa gen kotew rive pa gen entènèt.

 

3. Li istwa
Yon fason ou ka fè yo dòmi pi vit se kòmanse rakonte yo istwa,pa bliye site non moun ki nan istwa fèl repete yo,pa janm di yon timoun li rete anpil tan poul rive

 

psynight

 

4.Pa diskite ak patnè w nan machin nan
Si voyaj la gen bagay kap pase ki pat sipoze pase,timoun nan ap gentan wè sa kap pase siw tris oubyen nève,fè yon jan jere langaj yo pou voyaj la pa konvèti nan yon lanfè.

 

5. Mete mizik
Pa mete mizik ou renmen sèlman,chache mizik timoun nan pi renmen an pouw mete,kèk minit mizik ka kalme yon kote pou yon ti tan,se pa yon obligasyon pouw kite mizik la tout wout la.

 

6. Respekte distans voyaj la
Pa bay manti ni dil ou rete anpil tan,jis fèl distrè nan lòt bagay pou tan ka pase,pa bay timoun yo konprime pou yo dòmi tou,depi gen distraksyon nan machin nan yap fatige,yap dòmi pou kont yo.