3 pi bon resèt nan kay pou kwasans cheve

Pa neglije fè resèt sa yo,yap itil ou sitou ou menm chevew pa pouse vit

1- Po pòmdetè

Engredyan:
2 lit dlo
1 boutèy vè
4 mwayenn pòmdetè
Preparasyon
Lave pòmdetè yo byen lave jiskaske te a sòti ladan,kale yo epi mete po yo nan yon chodye kitel bouyi ak dife ba pandan 20 minit,lè tan pase wap we li bay yon koulè mawon,desann li kitel frèt apre sa vide dlo a nan boutèy la

Aplikasyon

Lave cheve a ak chanpou ki gen baz fwi 2 jiska 3 fwa sa depan si cheve a sal anpil,bay dèyè rense a ak dlo pòmdetè a,epi bay po tèt la yon bon ti masaj kite fè 30 minit,sa se yon nan remèd moun yo itilize pandan anpil tan san li pa gen efè segondè.

potato-skins-344185_960_720

2-Chanpou zonyon
Engredyan:
Yon chanpou ak baz fwi
1 mwayenn zonyon
Preparasyon
Pran zonyon an retire po a,epi koupel tou piti,apre mete zonyon an nan chanpou a,kite repoze pou 10 jou

Aplikasyon
Lè 10 jou a fin pase,lave cheve a ak chanpou sa,asirew ke zonyon an pa sòti andan boutèy la,chanpou zonyon sa ede cheve a lonje,li fèl briye paske zonyon rich nan souf ki se yon eleman ki bon anpil pou sante cheve.

images_zi07iu56

3- Zonyon,lay ak kannèl

Engredyan
½ zonyon wouj
4 dan lay
2 baton kannèl

onion-315377_960_720

Preparasyon
Mete tout engredyan sa yo bouyi nan yon chodye pandan 15 minit,apre sa kite frèt pouw ka itilize

Aplikasyon
Lave cheve a ak chanpou w konn sèvi,apre bay dènye dlo a ak preparasyon sa
Eseye yo,nap tann pouw din rezilta w jwenn nan