6 règ pou kwit vyann anba fou

Nan moman pouw fè vyann anba fou,men sa wap bezwen konnen

 

1.Pa kwit li lèw fenk retirel nan frijidè

Anvan w mete yon vyann anba fou,fòk ou kitel repoze 1 èdtan lèw retirel nan frijidè konsa wap evite yon kontak temik ki cho anpil ki ka kòz vyann nan sèk,sere ti sekrè sa pou nenpòt vyann nan.

 

2.Retire grès la anvan

Pa gen moun ki gen ke pou ap manje vyann pou lap wè grès sou li,ti konsèy la se retire tout ti grès ou wè konsa vyann nan ap pran koulè pi byen.

 

3.Bay vyann nan koulè

Anvanw mete vyann nan anba fou,nou konseye w fè l pran yon ti koulè nan yon chodye konsa lap gen yon bèl koulè

 

 

4.Mete sèl anvan

Anvan nenpòt bagay la li enpòtan pouw mete sèl,ak bal koulè

 

5.Mete piman

Nou pap diw sa pou w aprann fè manje,nou konnenw konn fè manje,men se pa tout moun ki ka fè yon vyann anba fou poul pa sòti sèk epi vyann anba fou pran mwens espis.Pa mete piman anvan l kwit vyann nan paske sil boule lap bay vyan nan yon lòt gou,sa bon pou nenpòt lòt manje.

 

 

6.Kite vyann nan repoze l lèl fin kwit

Lè vyann nan fin kwit li santi bon,li enpòtan pouw kite l repoze 15 minit anvan w koupe l,konsa sòs la ap antre plis andan l