Si sa pasew fasil li tap bon pouw kouri al wè yon jinekològ.Nou men nou la pou nou baw konsèy epi nou gen limit ak konsèy nou yo,paske nap bezwen pouw fè aksyon nan bò paw la,pwoblèm sa yo yon jan delika sa pral depan sak kòz la li ka pwovoke pwoblèm ki pi grav sin kite twòp tan pase.
Orijen doulè:
Konsanksyon envolontè
Sechrès nan vajen
Orijin sikolojik
kontraksyon envolontè:sak pwovoke doulè sa se kontraksyon envolontè misk ki anvan vajen yo,sa ka rann moun nan pa alèz poul fè twalèt li byen,anpil fwa li konn yon ka ki pi grav,ki se sikatris andan vajen an pi vye bagay kite ka rive se yon timè.
Sechrès nan vajen:Lòt bagay ankò ki ka kòz doulè sa se lè vajen an sèch,sa ka fè vajen an irite jiskaske moun nan ka santil lap brilel oubyen pikel apre anpil tan lèl fin fè sèks,moun nan pa dwe rete ak gade doulè a se cheke doktè.Paske menm jan gen tout kalite peni se konsa gen plizyè kalite vajin tou,pafwa se jan moun nan fè penetrasyon an,yon moun ki santil toujou soufri nan sans sa ka itilize jel pou fasilite penetrasyon an,nou rete kwè ap gen mwens doulè,men pa bliye si o si fòn cheke jinekològ poun ka konn sa kap pase a pi byen.
Orijin sikolojik
Pafwa menm jinekològ la paka jwenn sak kòz doulè sa,tout egzamen li voyew fè negatif lè sa wap bezwen pouw chita pale ak mennaj ou paske pwoblèm sa ka sikolojik tou yon mank konfyans,pafwa ou alèz ak moun nan men nan moman pou sèks la gen anpil estrès,gendwa moun nan pè antre nan relasyon an sil panse ak sal pral jwenn.Si se ta pwoblèm nan sa wap bezwen pouw renmen moun nan ak tout sal posede si non ou pat dwe avèl siw nan yon relasyon ou dwe santiw byen.