Kijan pouw itilize tenis ki gen fòm bòt yo?

Jan nou diw la tenis sa yo vin retounen ak anpil bote men se pa sèlman sa,yo vin chè tou,sitou nan tan sa se yon kesyon de mak,enpe nan mak yo se Isabel Marant,Michael Kors,Converse elatriye,kote yo fè pwòp tenis bòt yo,men tenis sa yo tèlman bèl tou pou moun ki renmen yo,yo ka fè yon moun parèt diferan anpil sa pral depan ak ki rad li metel.

 

sa wap gen pouw fè anvanw itilize yo?

 

Anvan nenpòt bagay la ou dwe chwazi ki stil ou renmen,genyen ki pi wo ke lòt,defo tenis sa yo seke siw marel twò sere lap fè pyew parèt piti anpil.

 

Achte nan katalòg
Panse ak mak ou bezwen an,eske saw te achte dènye fwa li te fè pyew byen,pa bliye sa se pa tout mak ki bèl,tenis lan gendwa bon kalite men li pa bèl,sitou lè yon moun ap achte sou entènèt saw wè a pifò fwa yo se pa janm konsa ou tap tann li.

 

Panse ak koulè
Konsidere koulè wap achte a prale ak koulè rad ou gen nan pandwiw,koulè fè pèsonalite moun tou se pa tout koulè ou dwe mete li ka fè moun panse mal sou ou,nwa se yon koulè ki ale ak preske tout bagay,sak vin aprel yo se blan,rouj,ble maren,yon tenis plizye koulè pa lèd tou men sa pral depan ki koulè yo melanje.

 

Pantalon
Yo pa mete ak nenpòt pantalon pase fò yo wè bote tenis lan tou,imajinew yon pantalon ki kouvri tout pyew,tenis lan pap parèt,yo plis ale ak kolan,bout pantalon ak pantalon ti pye yo,epi bat pou pye pantalon an toujou sou tèt tenis lan.gen anpil fi ki renmen met janm yo deyò se yon bèl ide pou yo mete stil tenis sa yo ak ti jip oubyen ti rad
Nou jis diw ti konsèy sa yo,men se janw santiw byen an pouw abiye avèl,pa bat pouw viv pou moun jis fè tèt ou plezi.