Kijan pou pran swen sikatris apre operasyon?

Yon gwo sikatris apre operasyon bezwen yon swen espesyal pou evite enfenksyon pou koule ak fom nan pa two paret
Gerizon fèt nan twa etap

Faz enflamatwa

Li kòmanse apre yo fin koud blesi a,akòz yon vaskilarizasyon ki fe yon plak

Faz rejenerasyon

Se le blesi a komanse rejenere.Kolagen an ak tisi fibwo yo grandi

Faz renovasyon

Nan etap sa a,kolagen yo reyabsobe an fèt,sa ka yon mwa,jiska yon lane oswa plis depann kalite ak gwosè operasyon an.Si sikatris la geri byen,lap yon tras blan,fleksib san doule pafwa li konn pa preske pa paret,pafwa sa depan laj,koule po,fakte jenetik ak kote siriji a te fet.

Premye swen yo

Depi sou 7 jou yo degoud blesi a
Nou al lakay nou,yo rekomande pou lave blesi a ak dlo savon poul ka geri net
Nou dwe evite itilize krem,lwil oubyen nenpot lot bagay dokte a pa preskri paske sa ka pwovoke enfeksyon oubyen aleji

Gen pwodwi espesyal ki egziste tankou krem,jel pou ede sikatris la geri pi vit
Se yon bagay nomal pou w santi l lap grate,men pa gratel
Si w wè nenpòt koulè etranj sou po a oubyen ou gen anpil doulè,wè doktè w