Kisa konstipasyon ye,kijan nou ka konbat li?

5 bwason pou konstipasyon
Si ou vle kontwole sistèm dijestif ou natirèlman,ou dwe bwè sèl remèd sa yo:

 

Epina

Yo toujou konsiderel tankou yon plant trè efikas pou tretman pou maladi nan aparèy dijestif.Melanje 100 mililit ji epina ak yon kantite dlo ki egal ak li,pran li de fwa nan yon jounen konsa nap kontwole konstipasyon kwonik.

 

Ji Sitwon

Melanje nan yon vè dlo cho sitwon ak yon ti sèl,li sèvi kòm yon bwason ki efikas pou pwoblèm konstipasyon.

 

Siwo Myèl

Bwè yon kiyè siwo myèl ak mwatye tas dlo cho twa fwa nan yon jounen.

 

 

Lwil Oliv

Melanje mwatye tas lwil oliv ak ji zoranj epi bwèl se yon bon remèd pou konstipasyon

 

 

Ji Gwayav

Li bon pou ede entesten an nòmal,yon bon konsèy ki pou edew ankò ak konstipasyon,se manje vejetal,legim,fwi ak tout po chak jou,pen entegral.

 

Ou menm ki remèd ou itilize pou kontipasyon