Fè zong nou lakay nou

Ou mèt kòmanse kontan paskew pral fè zong ou pou kòw

Swiv etap sa yo:

1.Itilize yon tay zong,pouw ka koupe yo janw vlel la,evite koupe chè yo paskew ka vin gen yon enfenksyon
2.Itilize yon lim pouw ka ba yo fòm (kare,won elatriye)
3.Netwaye zong ou ak asetòn pouw ka retire kitèks
4. Itilize èksfolyan ou pi renmen an pouw ka foubi menm gendwa se kafe ak lwil oliv

 

unnamed (6)

 

5.Pase krèm idratan nan menmw
6.Netwaye zong ou yon lòt fwa ankò men ak alkòl pouw ka retire grès krèm nan epi kitèks la ap koule pi byen
7.Pase baz kitel chèch,ou ka mete baz ki tou nouri zong yo,lap fè yo di
8.Chwazi koulè kitèks wap mete a epi pasel 2 fwa,kite premye kouch la chèch anvanw pase dezyèm nan
9.Depi kitèks la fin chèch aplike lòt ki pou fèl briye a
10.Netwaye arebò zong yo avèk yon ti koton,mouyel nan asetòn atansyon pouw pa retire tout nèt
Siw pa konn fè desen nan zong,pa bliye yo vann yo tou,ou ka kole yo sou zong ou,yo pa chè epi fasil pou mete.

 

 

Se pa anpil travay jis wap bezwen yon ti konsantman pouw fèl.Nou espere ou din siw te fèl e kòman sa te sòti pouw