Angajman pou yon relasyon kè kontan

Tèm santral la seke gen moun ki pran lanmou pou yon bagay chans men pi lwen lavi a traze lanmou tankou yon gid pou etabli relasyon kè kontan,solid,satisfè kap dire lontan.

 

Lwa lanmou etabli yo se :

 

1.Resanblans:Nou toujou atire nan vi nou moun ki sanble avèn,siw pa renmen tèt ou,gade nanm ou siw kwè ou gen chans ak moun se paskew konsa tou,poutèt sa siw vle mennen yon moun diy nan viw fòw diy ak tèt ou anvan sa.

2.konsekans:Trete yon moun janw ta renmen yo tretew

3.Lanmou:Nou tout bezwen anpil lanmou,renmen vle di aksepsyon,senserite,afeksyon,swen,volonte pou bay,responsab,respè,fyab,sakrifis,jenewozite plis ou bay bon kalite sa yo se yo wap toujou jwen tou.Echantiyon tankou pè,jalouzi,depandans,manipilasyon,kontwòl ak joure detwi relasyon an pa gen anyen pou yo wè ak lanmou.

 

4.Konfyans:Konfyans se yon eleman enpòtan anpil.San li kretyen vivan vin sispèk,kè sote ak Jalouzi se krentif solitid,ki bay yon mank lanmou menm ak pwòp tèt ou.Konfyans se yon eleman esansyèl nan renmen.

5.Senserite:Se pouw onèt.Lanmou pa imobil,li tankou yon plant kap grandi apre ki mouri.Sa depann sa nou fè ak li.Kominikasyon onèt se tankou dlo ki wouze plant lan poul ka grandi.Pataje ak patnèw deziw,saw santi ak emosyon.Dil ou renmen l ak apresyel.Ou pa bezwen pè dil”Mwen renmen ou”.Pa pè fè lwanj pou patnèw.Konpliman ki sensè yo se tankou solèy pou plant lan,li bal yon nouvo vi nan relasyon an.

 

6.Kado:Renmen vle di bay yon pati nan tèt ou,san kòb ak kondisyon.Si ou vle resève lanmou,ou dwe bay tou.Plis ou pataje,plis wap jwenn.Lanmou se tankou yon “boumrang”li toujou retounen.Gendwa se pa moun ou te fè kadol la men pa yon lòt moun.

An menm tan an,vrè lanmou an enkondisyonèl,li pa mande anyen an retou.Fòmil sekrè nan yon relasyon poul ka kontan pou lavi se pa toujou fikse sou saw kab resevwa an retou,men sou sa ou ka bay.

7.karès:Karès ak manyen se youn nan siy ki pwisan nan renmen,ki ranfòse relasyon an.Touche yon moun se touche nanm li.Se pou rezon sa lè nou fache,nou di”Pa manyen m”.Anbrase moun ou pi souvan, san yon motif seksyèl,serel nan bwaw.

 

8.Libète:Si ou renmen yon moun,kitel lib.Poul viv janl vle epa janw vle.Nou tout bezwen espas pèsonèl nou.Moun yo bezwen yon relasyon lib,pa blokel.Siw reyèlman renmen yon moun,aprann apresye bezwenl ak dezil.Li pa fasil pouw kite yon moun ou renmen,men pa gen okenn chwa.Plis libète ou bay patnèw pi prew lap ye.

 

9.Pouvwa pawòl:Tout mo gen pouvwa.Yon ti mo ka geri e yo ka touye.Atansyon ak sa wap di yo.Ofans ak diskriminasyon ka kreye blesi nan nanm ki difisil pou geri.Sèvi ak pouvwa pawòl la sèlman pou mo bèl,konpliman,apwobasyon ak sipò.