Sa yon fi ansent dwe manje

Manje byen li enpòtan anpil pou yon fanm ansent. Yon fanm ki manje byen pandan gwosès li ap gen mwens fatig ak plis enèji. lap toujou ansante, mwens pwoblèm dyabèt. Epitou, lap pi fasil poul pèdi pi fò nan pwa li te pran pandan gwosès la.

nouri kò a byen senp jis wap gen pou fè yo ak pasyans epi panse ak vi pitit ou a
Men kèk ti konsèy debaz

1.manje 3 fwa nan jounen an

belly-1434852__340

 

2.Pran 2 a 3 ti goute chak jou: pa egzanp yon fwi, ¾ tas yogout, oswa yon vè lèt,ji natirèl
3.manje yon bagay diferan chak jou:legim.pwa.joumou,vyann,pwason

 

glass-617387__340

4.pa fe 12 èdtan tan san manje

5.pran anpil prekosyon pouw pa pran enfeksyon nan manje yo lave salad yo byen anvanw manje.
pa chita manje yon sèl kalite manje pouw di se ti bebe a ki vle manje sa eseye manje lòt kalite manje.