Siw te konn ki valè benefis zoranj genyen chak jou ou tap manje l

Jodia nan atik sa nou vle pale w de lòt benefis zoranj genyen

1.Diminye risk kansè

Nou paka kòmanse pale de benefis zoranj,san ke nou pa mansyone aksyon li kont kansè.Prezans vitamin C,fib ak asid amine,diminye risk kansè nan moun ki gen yon konsomasyon ki wo nan zoranj.Li se kle tou nan batay kont kansè nan poumon,kansè bouch,kansè nan tete ak kansè po.

2.Desann nivo kolestewòl

Li diminye nivo tansyon wo,epi li ede desann nivo kolestewòl ki pa bon.Fwi sa gen pèktin,ki anpeche kò a absòbe anpil grès,se kle po redwi kolestewòl.Li gen fib ki penetre mi entesten nan kò a,ki ede redwi kolestewòl ak sik.

3.Ranfòse sistèm iminitè a
Zoranj popilè anpil gras ak nivo vitamin C li genyen,kidonk li esansyèl nan estimile ak ranfòse sistèm iminitè nou

 

4.Ede kè a
Plizyè etid deklare zoranj bon anpil pou sistèm kadyovaskilè,gras a prezans asid folik

5.Anpeche maladi dejeneratif
Gras ak vitamin C li genyen an,fèl yon gwo antioksidan,li anpeche anpil maladi dejeneratif tankou soud oswa katarat.

6.Ranfòse sistèm nève a
Vitamin B yo jwenn nan fwi sa,founi eleman nitritif enpòtan pou sistèm nève a

7.Ede pèdi pwa
Youn nan pwopriyete zoranj la,li rasazye moun lè yo manjel,sa bon anpil pou rejim.Anplis,Fwi sa gen potasyòm,dlo,ak anpil sodyòm,ki pou ede w pèdi pwa,vitamin C ede retire grès epi li se yon fwi ideyal paske li pa gen anpil kalori

 

8.Anpeche rim nan sèvo

Sa a se yon lòt pwopriyete zoranj lan genyen,Avèk Vitamin C li genyen an ki amelyore sistèm iminitè a,pwoteje nou kont rim sèvo,pwoteje ak ranfòse kò a.

Sa se yon ti avan gou nou baw nan benefis zoranj lan,plen lòt toujou sa vle di pa neglije manje l an kantite,siw te ka bwè ji a san sik ak dlo li tap pi bon toujou.