kalite Akouchman

Jodia nou vle pale avew sou kalite akouchman ki genyen yo,gen anpil moun ki gen pitit men yo pa teman konn bagay yo sitou jan peyi nou ye a,pa gen moun vre kap ede sak pa konnen yo.

1.Akouchman natirèl
Sa se lè timoun nan soti nan vajen an,kote pa gen entevasyon ki fèt menm anestesi yo pa ba li nan ka sa gen fi ki konn fè timoun lan nan kay oubyen lopital se desizyon tout moun repekte sa.

2.Akouchman nòmal
Se toujou yon akouchamn kote ti bebe a soti nan vajen an men sak vin pase,tet li konn rive kole le lap soti,konn gen kek ti konplikasyon poul soti la yo oblije reyalize yon epizyotomi,yo bal moun nan zizo pou ka ede bebe a soti nan pati vajen ak anis li.

3.Akouchman nan dlo
Sa depan de manman kote li deside fe yon bagay nou nan vil epi li ranpli yon basen kote li konn benyen an men fok dlo a kouvwi tout vant li,epi mari a antre nan dlo a tou pou ka apiye fi a nan moman espesyal sa.

4.Sezaryèn
Li fe bo vant,gen moun ki paka pouse oubyen gwoses la konplike,si si se akouchman sa pou yo fe pou li,fi an konn soufri anpil apre sa paske nan moman li pa snati doule a se jis apre lap santil