sak ka kondwi yon moun nan enfidelite

Pa janm tap gen anpil gason enfidèl si pat gen fi kitap fèl tou,sak fè gason an enfidèl la se menm li mem tou ki voye fi a al chache lòt moun deyò.

 

Sak ka fè yon moun enfidèl?
Patnè nou pa ban nou ase
sa se yon rezon ki komen anpil ki fè yon moun enfidèl,lè moun nan pa bay mennaj li anpil afeksyon,lanmou,atansyon li merite,anpil fwa moun nan pa menm konsyan de emosyon santimantal poul ta pale ak mennaj li,jis yal lage kò yo nan men yon lòt moun pou yo ka santi yo byen.

 

Lè moun nan panse lanmou disparèt nan relasyon an
enfidelite fèw santi pa gen lanmou nan relasyon an ankò,gen moun menm nan relasyon entim yo pa janm ale,nan yon relasyon ki gen vi chak jou ki pase lanmou an vin pifò se nouvo bagay chak jou,ni pou yo antre nan relasyon entim men depi gen yon dekoneksyon nan pati sa se kòmsi tout bagay mouri frèt.

 

Gen yon vid emosyonèl

Si relasyon an pa gen satisfaksyon,yon bagay ki anòmal pral pase,youn nan nou pral chache lòt moun deyò pou jwen satisfaksyon,pafwa moun nan pa renmen sa lap fè a non men jis bezwen poul santil byen,men se pa tout moun ki renmen pale sou sa ni afwonte li prefere al yon lòt kote,ki ba bon nan yon sans,nou panse sin pale sou sa lap pi fasil pou nou jere relasyon an.

 

Nou pa santin ansekirite
moun ki enfyèl la,santi mennaj li ap minimizel,dil lèd,li granmoun,li pa gen anpil kòb,ebyen enfidelite edel poul repran valèl paske ak moun li ye a ap fèl santi tout bagay kontrè ak sa patnèl la tap dil yo,evite pale ak moun nou nenpòt jan bal valè li merite.

 

Nou santin bouke
Pafwa gen moun ki pa gen pyès pwoblèm,jis li santil vle fè lòt ekperyans epi goute yon bagay diferan,pran plezi nan yon relasyon sekrè.

 

Sa zye pa wè,kè pa santil
Gen moun depi yo poko kenbe yo,yo pap fè okenn moun mal,sak bèl la seke pi bonè oubyen ta yap pranw.

 

Vanjans
Anpil moun ap twonpe patnè yo jis pou tire revanj pou yon bagay kite pase,sa pa rele padon,lèw padone fòw bliye,ke pou moun nan bliye li prefere infyèl tou epi li pap kite mennaj li ak tout sa lap fè yo ide a se tire revanj san lòt moun nan pa konnen.