4gwo benefis fig mi genyen

Kom nou konn sa deja,fig la gen yon gou san parèy,ni le wap manje ak ze bouyi,pou kol,ji blende nenpòt janl ye li gou.Li pa rèt nan limit gou,li chaje ak pwoteyin ak eleman nitritiv.
Pou siw gen dout men kek nan yo nou kite pou ou.
Li bon pou respirasyon:preske 26 milyon ameriken soufwi opresyon epi se yon maladi kronik nan timoun yo men prevansyon opresyon an tèlman fasil ak yon fig mi chak jou pou moun nan manje,dapre yon etid ki fèt nan peyi Langletè yo jwenn yon timoun ki manje yon fig mi chak jou gen 34% chans an mwens pou maladi opresyon an gen yon timoun ki manje 1 fig nan mwa ebyen pouw ka evite maladi sa fòw manje fig mi.

Li ede kontwole sik nan kolestewòl nan san:Tansyon wo se yon maladi ki ansilans,li dilate atè yo,li fè yon femen,li bay maladi ke,maladi nan sèvo,maladi nan ren,estwok,yon sèl fason pou nou disminye tansyon la se manje plis potasyom se yon eleman nitritif nou jwen anpil nan fig mi,yon fig mi gen 12% potasyòm,gen yon etid kite fèt nan lane 2005 nan inivesite”St. George”jwenn potasyòm ki nan fig mi an kont pou redwi tansyon nan sèlman yon semèn,pasyan ki manje fig mi yo tansyon yo desann pi rapid.
banana-1776_960_720

Fig mi koupe apeti:Yo se gwo sous fib,youn pote 12% fib nou bezwen nan yon jounen,yon rejim ki gen anpil fib gen anpil benefis dapre klinik”Mayo”li nòmalize mouvman nan entesten kolestewòl,sik nan san,li kenbe entesten yo ansante pou pwa ko a ka nomal.Lekòl sante piblik”Harvard”konfime ke fib redwi risk malad nan ke,dyabèt elatriye.yon lot benefis fib la genyen anko youn nan bagay li fè yon anko li ralanti dijesyon an sak fin fè menm siw te manje lontan ou pa janm santiw grangou.

Fig mi bay zo fos:Nivo potasyòm li genyen an fèl yon gwo manje pou nenpòt moun ki ta vle gen zo yo fò ak ansante,bannann yo tou gen 16% Manganèz ke nou bezwen pandan yon jounen se yon eleman nitritif ki evite doulè ak enflamasyon nan jenou.
Konyen fig mi ou manje nan yon semèn?